Byenvini Sou Sit Kreyòl “Love Motivation Ministry” a!

Deklarasyon Misyon an

Pataje verite pawòl Bondye a, ki gen pouvwa ak libète pou transfòme lavi moun an akò ak volonte diven Li pou limanite, epi kiltive disip ki santre sou gras ak ki baze sou gras atravè ansèyman ki anrasinen nan lanmou san kondisyon Bondye a, gras ak lafwa li.

Vizyon

Apati de yon revelasyon sou lanmou san kondisyon Bondye a, yon vizyon te pran nesans: vizyon pou plante legliz lokal ki fonde sou gras.


Misyon Vizyon An

Atravè pwogram "Rasanbleman Gras Legliz Lakay" la, nou vize: 

- Pataje verite pawòl Bondye a. 

- Transfòme lavi moun an akò ak volonte diven Bondye pou limanite. 

- Fè disip atravè ansèyman ki fonde sou lanmou san kondisyon Bondye a, gras ak lafwa Li. 

- Etabli yon biwo ak espas pou rasanbleman de gras "legliz Lakay" yo, kote nou va lanse yon pwogram lekòl disip pou kiltive lidè pami kwayan yo ki pral efektivman pote vizyon an pi devan nan akonplisman misyon li.

 Mo De Byenveni! 

Ki kote Motivasyon Lanmou an soti?

 Mo De Byenveni! 

Bondye beni w. Byenveni sou LMMI.NET. Non mwen se Wilson Joseph Sr., fondatè Ministè Motivasyon Lanmou e pastè Legliz Lakay. Mwen kontan anpil dèske ou vizite sit entènèt nou an jodi a. Felisitasyon! Ou rive nan yon randevou ke Bondye te planifye pou fèt ant ou menm avèk nou. 

Pawòl Bondye a di nan Jan 6:44: "Pèsòn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a." Mwen konnen e mwen kwè se Bondye ki rale w isit la. Ou se yon moun beni e ou trè espesyal. Tanpri, pa ezite pran tan pou w aprann de ministè a, epi pou w kòmanse mache nan vwayaj fòmasyon disip nou an atravè ansèyman nou yo. 

Mwen envite w rantre nan sèvis Zoom "Legliz Lakay" nou yo chak dimanch a 2:00 PM HNE pou w vin fè pati kominote sèvis louwanj ak adorasyon nou an, epi pou w pataje tan ansanm ak nou nan Pawòl Bondye a. 

An brèf, mwen ta renmen w konnen ke "Legiz Lakay" plis pase yon senp estrikti kay fizik. Nan plizyè kote nan Bib la, "lakay" siyifi PREZANS BONDYE. Nan priyè li ki anrejistre nan Sòm 90:1, Moyiz te konprann ke Bondye se tankou yon kay kote pou pitit li yo rete pandan tout jenerasyon yo. Vèsyon anglè NLT Sòm 90:1 a di: "Seyè, depi tout jenerasyon, ou te lakay nou (refij nou)!" Mwen tou senpleman ap pataje yon ti revelasyon ki dèyè "Legliz Lakay" avèk ou, pou konpreyansyon ou sou sa non legliz la vle di a, ka pote bon rezilta nan sa w dwe konnen de li. 

"Legliz Lakay" vle di: kwayan ki reyini ansanm nan prezans Bondye. "Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo." Se sa Pawòl Bondye a di nan Matye 18:20. Kit ou lakay ou ap konekte avèk nou atravè Zoom, YouTube, oswa nenpòt platfòm medya sosyal—oswa kit ou fizikman prezan avèk nou— Ou menm ak nou ansanm fòme "de ou twa" yo ki reyini nan non Jezi. Se poutèt sa, Bondye la nan mitan nou, jan li te pwomèt la, epi nou nan prezans Li. 

Vizite paj "Legliz Lakay" la sou sit entènèt nou an pou w ka aprann plis. Lè w antre nan sèvis la, madanm mwen Edlene ak mwen—ansanm ak pitit nou yo ki se ministè tou— ap akeyi w trè chalerezman. 

Jezi renmen w. Nou renmen w. Ou se yon moun beni!

Ki kote Motivasyon Lanmou an soti

Ministè Motivasyon Lanmou se pwodwi yon revelasyon lanmou san kondisyon Bondye pou Wilson Joseph Sr. Apati de revelasyon sa a, yon gwo vizyon te pran nesans, kote inisyativ la se pou anseye lanmou san kondisyon Bondye a, gras li, ak lafwa li pou fè disip ki pral fè pati apèl Bondye nan lavi Wilson pou plante legliz de gras. 

Nou ta renmen mennen w nan yon vwayaj pou w dekouvri kote ministè Motivasyon Lanmou an soti. Pandan Wilson t'ap frekante yon legliz lokal nan Miami, Florida, li te resevwa Jezi, li te batize nan dlo, epi li te kòmanse sèvi kòm pwofesè Lekòl Dimanch ak prezidan jèn yo. Akòz ansèyman legalis nan legliz lokal sa a, Wilson pa t gen yon revelasyon sou verite ki soti nan Pawòl Bondye a.

An plis de sa, li pa t konnen verite a sou Sentespri a, ni pouvwa Li pou l te mande Jezi pou batize l ladan l. Yo pa t janm ansèye l sa nan legliz la, ni li pa t dekouvri poukont li ke te gen yon bagay tankou batèm nan Sentespri a. 

Paske li te depann de ansèyman legalis sa yo pou l konnen Bondye, li te kòmanse devlope yon mantalite ke lanmou Bondye pou li te gen kondisyon. Li te kwè ke pou Bondye te renmen l, li te dwe fè yon seri de bagay ki gen rapò ak devwa yon kretyen selon sa Bondye vle pou l te fè l plezi. Kòm yon rezilta de mantalite sa a, tout tan Wilson te pase nan legliz lokal sa, se te tan kote li t'ap eseye ganye lanmou Bondye atravè bon zèv ak atravè pwòp jistis li.

Pandan l t ap viv lavi kretyèn li etan yon kretyen ki te vle konnen Bondye, men ki t'ap resevwa move ansèyman, li te gen yon santiman ke yon bagay pa t nòmal. Yon jan kanmenm, byen fon anndan kè l, li te konnen sa. Men, sa li te santi anndan li a pa t ase fò pou konvenk li, paske li te plis enliyanse de sa li t'ap aprann nan legliz la. Santiman li te genyen ki te soti anndan kè l la se te Sentespri a ki t'ap eseye di l ke se pa t fason sa pou l gen yon relasyon ak Bondye. Pandan Sentespri a t'ap pèsiste nan konviksyon li, yon dezi te grandi nan kè li pou l kòmanse chèche verite a nan Bondye, e se sa li te fè.

Nan yon priyè, li te mande Bondye pou l ede l jwenn yon bon lekòl biblik. Li te jwenn yon repons pou priyè a; Li te dekouvri yon pwogram ansèyman televize ak Andrew Wommack sou TBN, ki te mennen l nan lekòl biblik la ki se (an anglè) Charis Bible College, kote li te kòmanse aprann verite a sou lanmou ak gras Bondye. Li te aprann tou kiyès li te ye antan ke kretyen, epi kijan lanmou Bondye pou li pa t baze sou pèfòmans li. Lè sa a, li te konprann ke tout bon zèv li yo pa t sa ki te vrèman fè Bondye plezi; men se lafwa li nan Bondye ki te fè Bondye plezi, jan sa di nan Ebre 11:6 la.

Wilson te konprann tou ke lanmou Bondye pou li se te yon kado, menm jan ak gras li ki te fè l sove atravè Jezikri, jan sa di nan Efezyen 2:8. Gras Bondye a pwodui yon lafwa ak lanmou anabondans nan Jezikri, daprè 1 Timote 1:14. Sali Wilson nan Jezi a te posib sèlman gras a lanmou san kondisyon Bondye gen pou li a, se pa t gras a bon zèv li te fè. Donk, li te panse, poukisa li ta kontinye ak mantalite pou l eseye ganye lanmou Bondye atravè bon zèv li yo? Pa t gen okenn itilite pou sa ankò, paske verite li te vin konnen an te libere l.

Lalwa a te anseye l pou l konte sou pwòp jistis li pou l rive jwenn Bondye, men gras la te vin anseye l pou l repoze nan travay Jezi ki te fini a, paske Bondye renmen l san kondisyon. 

Revelasyon lanmou Bondye pou Wilson te libere l anba zèv lalwa a, epi li te vin tounen yon motivasyon nan lavi l pou l fè Bondye konfyans nan tout sa Bondye genyen pou li nan gras abondan li a, epi pou l renmen lòt moun ak lanmou Bondye ki nan li a, ki te devèse nan kè l pa Sentespri a (Women 5:5). 

Pou fè istwa a kout, lè l te kòmanse tande Bondye pale de bezwen pou legliz gras yo, sitou nan kominote kote l t ap viv la, li te kòmanse Ministè Motivasyon Lanmou an. Epi, li te fè Bondye konfyans nan apèl li pou l plante yon Legliz de Gras kòmanse avèk fanmi li. Se la ministè Motivasyon Lanmou an soti. 

Nan Ministè Motivasyon Lanmou, nou konsantre sou fè disip pou Jezikri atravè ansèyman ki baze sou lanmou san kondisyon Bondye a, gras Li, ak lafwa.

Rete Konekte Ak Nou